Nou konnen que nan Edison State College w ap jwenn karyè ke w ap chèche a. Nou envite-w vini ranpli yon aplikasyon nan Edison State College. W ap kapab itilize òdinatè nan kolèj la pou ka ranpli aplikasyon an sou entènèt e w ap kapab antre sou Portal Edison, ki paj ofisyèl kolèj la.
Atansyon rezidan Florida! Lè –w se rezidan nan eta florida klas yo ap koute –w mwens. Pou kapab kalifye kòm rezidan se pou w ranpli yon aplikasyon de rezidans epi voye l pa la pòs avek dokiman nesesè ke ofis admisyon an reklame. Ale sou sit wèb sa a pou jwenn plis enfòmasyon: http://www.edison.edu/admissions/admissions_residency_application.pdf
Si w pa ranpli fòm sa a korèkteman sa ka fè- w peye plis pou klas pa w yo.